This post was originally published on this site

Mercredi 20 Janvye 2021 ((rezonodwes.com))–

DEKLARASYON

Nou menm òganizasyon ki siyen deklarasyon sa, apre anpil chita pale ansanm ak Fwon Patriyotik Popilè a (FPP) semèn sa nan Plato Santral pandan yon semèn, nou deside mete fòs nou ansanm pou limen dife mobilizasyon an, pouse tout sektè nan opozisyon an fè INITE NAN DIVESITE pou fè Jovenel respekte konstitisyon an.

Nou deside fè deklarasyon tèt ansanm sa sou konjonkti peyi a :

1 – Tout popilasyon d Ayiti ap tranble anba yon ensekirite san parèy nan tout istwa peyi a. Kidnaping ap fèt chak jou pou ranmase magogo lajan nan tout sektè nan sosyete a ; Pouvwa PHTK a monte rezo gang kap piye peyizan yo, ti machand yo, vwayajè sou wout yo san konte piyay kap fèt nan kès Leta depi rejim kriminèl la fè dappiyanp sou pouvwa a ; Gang ap touye moun nan katye popilè yo, vyole fanm ak tifi. Se yon operasyon lapèrèz, yon operasyon zonbifikasyon kap fèt pou pèmèt ‘’demokrasi a La Jovenel ‘’la pran rasin. Tout moun konprann demokrasi Jovenel la se diktati Jovenel ta vle retabli nan Peyi a. Nou di : Non Jovenel, SA PAP PASE !

2 – Anplis ensekirite a ki mete tout moun anba estrès kap bay anpil kalite maladi kap ravaje popilasyon an alòske pratikman pa gen sèvis sante nan peyi a ; sitiyasyon ekonomik popilasyon an, espesyalman mas popilè yo katastwofik. Malgre gwo blòf nan zafè desann pri dola a, lavi chè a pi rèd. Majorite popilasyon an pa kapab manje. Ti kòmèsan yo pa kapab jwenn dola pou achte machandiz. Pouvwa a kapte dola yo dyaspora a voye pou fanmiy yo an Ayiti depi anlè. Yo gen anpil goud yo vòlè yo bezwen mete an dola pou voye mete nan bank etranje. Vant Ayisyen depann de manje pèpè paske peyi a pa kapab pwodwi. Peyizan yo abandone. Grangou ap touye mas popilè yo. Fòk sa chanje. Nou di Jovenel : Chen grangou pa jwe. FOK OU ALE.

3 – Se pa lenmi ou advèsè Jovenel ki pa renmen l ki vle wete l sou pouvwa. Se manda Jovenel ki fini 7 Fevriye 2021. Apre dat sa li ilegal. Me sa ki ekri nan konstitisyon amande a nan atik 134.2 : Eleksyon prezidansyèl fèt dènye dimanch oktòb 5yèm ane prezandansyèl la. Prezidan an antre an fonksyon 7 fevriye apre eleksyon an, nan ka eleksyon an pa te fèt anvan 7 fevriye, prezidan an ap antre an fonksyon imedyatman apre validasyon eleksyon li e manda a sanse te déjà kòmanse 7 fevriye ane eleksyon an. Konstitisyon an klè.

Dekrè elektoral 2 Mas 2015 lan klè tankou dlo kokoye : Pou amonize tan konstitisyonèl ak tan elektoral eleksyon ki òganize andeyò tan konstitisyonèl la, pou nenpòt rezon sa ta rive, me kòman mande eli yo ap fini : Manda prezidan an repiblik la fini wè pa wè 5yèm ane manda li kèlkeswa lè li te antre an fonksyon. Jovenel bliye si baton ki te bat chen nwa ap bat chen blan an tou. Nan yon twit nan lannwit 2yèm lendi Janvye 2020, li te konstate manda 10 senatè yo te fini. Li fèmen pòt sena a pou yo. Ebyen 6 fevriye 2021, Pèp souvren peyi a konstate manda Jovenel fini. Pèp la di : Jovenel MANDA W FINI, BAY TALON W ANVAN PEP LA MARE W.

4 – 7 Fevriye Pèp ayisyen an ekzije enstalasyon yon gouvènman tranzisyon kap soti nan yon akò politik opozisyon an ak sosyete sivil la dwe jwenn semèn sa menm si nou pa vle se Blan an ki vin mete gouvènman pou nou. Gouvènman pwovizwa sa pa dwe anba kontwòl okenn sektè politik ou ekonomik. Li dwe yon gouvènman ki fòme ak sitwayen onèt ki pral ekzekite yon fèy de wout ki dwe soti nan akò politik la. Genyen yon seri pwen fondamantal ki dwe antre nan fèy wout la :

• Jijman piyajè fon petwokaribe a, jijman kriminèl ki masakre pèp la nan katye popilè yo ak vòlè tè peyizan yo ; Mete fen nan ensekrite planifye pouvwa Tèt Kale a ; Reyalize yon chita pale nasyonal pou tabli yon plan devlòpman peyi a sou omwens 25 ane ; Mete kanpe yon pwogram pwodiksyon manje natif natal mare ak yon pwogram sovtaj anviwònman an ; elimine tout dekrè Jovenel te pran yo ansanm ak tout estrikti ilegal li mete kanpe tankou KEP Jovenl ak Komisyon Jovenel kap travay sou konstitisyon Jovenel ; Mete kanpe yon pwosesis elektoral nòmal pou reyalize eleksyon nan 2 ane pou pi piti ; Revize konstitisyon 87 la. Brèf retounen peyi a sou ray demokratik. Nou di tout moun : SE POU SA NOU SOU BETON AN jis 7 Fevriye e menm apre 7 fevriye 2021 ap veye.

Nou pwofite okazyon sa pou mande Pati ak platfòm politik yo pou yo sispann fè dilatwa. Chita san pèdi tan pou :

a) Monte yon ‘’eta majò’’ ak sitwayen onèt, kredib nan sosyete sivil la pou mennen negosyasyon ak patwon Jovenel yo, ak Jovenel li menm pou li kite pouvwa a san bri san kont.
b) Jwenn yon akò prese prese sou kontni tranzisyon an ak pwofil moun yo ki dwe ladan.

2 bagay sa yo fondamantal pou Pèp la konnen pou kisa lap pile beton an. Pèp la pa vle achte chat nan sak.

Nan Plato santral, nou rasanble maksimòm gwoup posib nan opozisyon an pou fè yon INITE TAKTIK, KONJONKTIREL pou pote kole nan aksyon mobilizasyon pou voye Jovenel ale. Nou mande pou menm INITE sa fèt semèn sa menm onivo nasyonal paske pa gen lòt wout. Mete enterè peyi a devan enterè gwoup ak enterè pèsonèl. Lè a grav.

Pa gen wout pa bwa.

ABA JOVENEL ! ABA PHTK ! VIV YON AYITI GRANMOUN !VIV YON AYITI LIBERE ANBA JOVENEL, ANBA PHTK 7 FEVRIYE 2021.

Me òganizasyon ki siyen deklarasyon TET ANSANM sa :
Pou FPP : Chavannes Jean-Baptiste Questamène CENOR.
Pou MPP : Mulaire MICHEL Gislène ST-FLEIR
Pou KONTRAPEPLA : Fanahème JOACHIM Marie Lucie ADOLPHE
Pou Pitit Desalin : Patrick ETIENNE ( WILLY) Miguel Merès FORTUNE
Pou OPL : Joseph SAINT-CLAIR
Pou Fusion : Oliamson JEAN Marie André JACQUET (Maria)
Pou MJH : Gueslin MATHE
Pou AAA : Floude LOUIS
Pou Etidyan Lekòl FPCP. : Lisette VERTILUS Makenson CIBRIN
Pou Lig Dwa moun : Moleon Richard
Pou SOLCE/CNEH : Ronald DONATIEN
Pou UNOH : Fanel PIERRE
Pou UNOE : Papoute PIERRE
Pou Fanmiy Lavalas : Emmanuel EXIL
Pou Ayiti Demen : Georges LOUIS
Pou ENA : Fritznel BIEN-AIME
Pou MOVIV : Rosemond JOACHIM
Pou KNDA : Mavens THONY
Pou Matris Liberasyon : Francklin Charles
Pou PetroChalenger : Jean Charles Henry JISCARD.